An repons a: Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis. Editè Fowòm Ayisyen te ekri a,
Jean-Marie BEaudouin afiche mesaj sa, jou 30 Septanm 2002 a 14:43:32:
Kanmarad Editè, nou kontan pou rapèl ke-w fè nou-an e si-n pat kò reponn-w se paske nou te ganyen kèk ti pwoblèm lan entènèt-la. Nou byen konsyan tou ke se pa pwemye rekòmandasyon ke-w fè-n lan sans sa-a, men nou rekonnèt ke-n te montwe you neglijans sou li. Konsa, nou pral tante pote satilfaksyon lan mezi ke nou kapab.
Tou dabò, nou vle di pou Zanmi-yo e an patikilye pou wou ke refleksyon sa-yo ki ta fè lobjè you "essai" tankou w di-l la, anben se you rezilta you long envestigasyon ak rechèch ke nou mennen sou ven(20) dènye ane-yo. Lan kad militans nou, nou te sitou poze sonn-nou sou de(2) aspè sa-yo: Sikoloji ak kondisyon materyèl degzistans-yo.
Sou zafè sikoloji-a, nou te bezwen konnen pèsepsyon moun-yo sou ledikasyon an Ayiti ak kouman yo reyaji sou li. Se konsa nou rann tèt kont ke enrfrastrikti pou zafè lekòl lan bwa-a, anben se de bagay ki kaziman absan lan zòn kanpay-yo. Kidonk, tout pwojè a karaktè sosyal alevwa ekonomik; anben se debagay ke yo konsevwa pou repibilk Pòtopwens. Kòmkwadire ventwitmil kilomèt-kare-a(28000Km2) ta redwi pou Pòtopwens sèlman, e se you konpòtman trè zenfantil lakay-nou men malerèzman desidè nou-yo pankò janm demake-yo seryèzman de fenomèn sa-a.
Daprè jan nou wè bagay-yo lan bwa-a, anben w ta bezwen anviron ant 20/30 kilomèt anvan w jwenn you lekòl. Men ki lekòl atò-a? Onètman, peyizan di-w ke li pa gan bèt ankò pou-l voye timoun-yo lekòl, sètadi chwal, milèt ak bourik-yo anben siklòn ak maladi voye tout zannimo-yo ale lan peyi san chapo/al bwachat.
Alòske lan lakou Pòtopwens, anben lekòl fè kenken menmsi ti lòsyè lakonnesans k'ap bay ladan yo-wa pa vrèman reponn nan reyalite peyi-a. Malgre sa, w pa ka abòde yo tèlman yo chè; pwopriyetè ak direktè lekòl ap fè chou ak rav sou tèt paran timoun-yo, pandan ke LETA-a limenm demisyonnen.
Konsa, menmsi peyizan ta dezire kanmenm fè you jès ak timoun-yo, anben li bewen de(2) pòsyon lajan: youn pou-l peye ekolaj ak you lòt pou-l peye ladesant pou timoun-yo. Se sa'k fè peyizan di kareman li pa voye timoun-yo lekòl paske lekòl pa fèt pou moun lakanpaye. Tikal lise ki ganyen yo, anben yo tout twouve-yo lan grann vil-yo, kidonk peyizan-an pa ganyen pou-l fè dòt ke travay latè; pou-l bay moun de byen manje.
Mèzalò, sa ki parèt pi sinik-la nan sitiyasyon sa-a, se lò ganyan you kolonn nèg save ki di-w ke peyizan-an pa enterese voye timoun-yo lekòl. E yo rete byen seryèz pou-yo di-w sa-a, alòske yo pa wè ki valè antrav ak difikilte yo enpoze bay peyizan-an, e ki anpeche-l ranpli misyon fanmi-li kòmsadwa. Noumenm, nou panse jan de atitid sa-yo, anben yo pa kadre ditou, yo pa gan konsekans ladan-yo e yo kouve ak benyen ipokrizi.
Pandanstan, peyi-a limenm konnen you gwo ak you bèl demogwafi. Nou di byen gwo ak bèl paske estatistik-yo montwe ke nasyon-an vwazinen bò dimilyon moun(10.000.000), e pi fò moun-yo se lajennès. Kidonk tout sitwayen avize, anben konnen ki kantite bèl bagay ke you LETA serye kab fè avèk you jennès. Lan kad eleksyon 90-yo, estatistik-yo te montwe ke sou anviron 7 milyon moun, anben se sèlman 2,500.000(demilyon edmi) ki te an aj pou vote. fò-w ta di ke se kòmsi se you gadri ke LETA ap jere, e ganlè ke se pa you fenomèn ki enterese LETA-a nonplis.
Se jan de ireskonsablite sa-yo ki fè ke jodi-a Pòtopwens tankou you kapital k'ap toufe tèlman chaje ak moun. Se sa tou ki eksplike gwo egzòd riral sa-a, kote ke tout gran vil-yo benyen ak bidonvil e Pòtopwens antèt ak zanviron-l yo. Se vre ke desidè-yo pale de desantralizasyon daprè batistè peyi-a, men pa ganyen okenn konsekans lan sa yap di osibyen lan sa yap fè. Kidonk, nou kwè ke-l tan pou-n mete you pwen final lan jan de politik enfantil sa-a!
Pou sa'k regade kondisyon degzistans yo-menm, nou pa gangyen vreman anyen pou-n di piske tout moun konn kondisyon lavi lan peyi-a. Nou ta annik di fraz sa-a ki ta ka eksplike tout bagay: " Dis-moi qui tu es, je te dirai qui tu fréquentes" " di-m kiyès moun ke-w ye, mava di-w kiyès ki zanmi-w". Si se you nasyon pòv, anplis timoun-yo pa gan chans ale lekòl; anben se lamizè ki zanmi-w, e se lamizè tou ki pran plas chen douvan pòt-w.
Fòk nou ta fè you jan pou-n fè you hèl sou kò-n, paske bagay sa-a pa ka kontinye tou tan, fòk nou mete you bout lan lavi chen sa-a. Si-w gade byen, jennès nou-an ap fè ni jennès-li ansanm ak viyès an menm tan. E sa-a, se you fenomèn k'ap pran chè nan sosyete-a depi 15 dènye ane-yo, selon ti ankèt ke-n mennen oprè you kategori jenn. Nou pa kache di-w ke se you move fenomèn, e ganyen you bon kou rezon ki eksplike-l men pètèt ke nava wè konpleksite pwoblèm sa-a nan you lòt okazyon.
Nou panse ke nou kab pa rive fè abouti refleksyon sa-yo opiwo degwe, men pètèt yo ta kab sèvi lan kad you evantyèl renesans nasyon-an.
Bon! pou nou retounen sou rekòmandasyon-w lan paske ti rale-a te long, men se konsa nou reflechi.
N'ap pwofite di-w ke tout refleksyon sa-yo, anben nou te anvlope-yo sou you gwo ribrik ke nou rele:"De l'Intelligentsia prolétarienne". Sètadi kisa pwoletè-a ka pwodwi an tèm refleksyon entèlektyèl sou lavi sosyete-a an jeneral.
Konsa, nou marye-yo tou ak kèk lòt soutit ki eksplike pwen d'vi nou. Pa egzanp, w ganyen pwemyè pati jiska X pati. Si wap gade tèks ke-n livre deja sou fowòm Ayisyen-an, w ganyen apati'd tèks nimewo 1 jiska tèks nimewo 18, yo trete de LETA tankou definisyon-l, wòl-li ak misyon-l. W ganyen lan menm rejis-la, chapit sou ledikasyon ki genyen limenm pou soutit: Keksyonnman sou konpòtman moun letre-yo pa rapò ak analfabèt-yo, anplis wòl sant rechèch-yo lan devlopman peyi-a.
Kounye-a, apati'd tèks nimewo 19, anben se konklisyon-yo ki koumanse e yo pran fòm kontni ke-n tante bay LETA tip nouvo-a. Konsa, yo prezante anba tit: Brèf pwofil nouvo LETA-a, Egzèsis pouvwa demokratik LETA-a, anplis Dwa sosyal-yo.
Men tout sa ke-n rakonte e sa-n ganyen pou kontinye rakonte, anben tout chita sou you gwo kanpay edikasyon. Se poutèt sa nou bay pwiyorite sou zafè ledikasyon-an, paske anfen d'kont tout sa nou di-yo anben lòt sitwayen-yo konnen-yo tou, an pwensib. Men pwoblèm nan, se kouman rive fè yo tounen you reyalite vivant; e nou kwè ke se pa kalfou ledikasyon-an pou-n pase, kidonk se pou-n tabli you pwopagann sou li pou-n ka rive tabli you bonjan konsyans sou li tou. Se konsa nou wè-l!
Sepandan, si Kanmarad Editè-a estime ke ganyen kèk tèz ak tèm ki ganyen you devlopman enpòtan(long/anplè) nan tèks-yo, e ke li ta vle separe-yo ak you tit; anben nou pa ganyen pwoblèm, konsa na sèlman apresye-yo.
Pou lemoman, nou kanpe la, si-w ganyen lòt entèrogasyon sou sa, anben nou lan dispozysyon-w.
Mèsi bokou pou enterè ke-w manifeste nan refleksyon nou-yo, nou reyèlman apresye atitid-w e nou remEsye ankò.
Jean-Marie Beaudouin