Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan)


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) Editè Fowòm lan te ekri a,

Serge afiche mesaj sa, jou 30 Septanm 2002 a 00:10:28:


Pou nou menm Ayisyen, mwa septanm lan pote gwo dèy pou anpil nan nou. Nou te gen trajedi 11 septanm 1988 la, epi koulye nou rive sou gwo dat 30 septanm sa ki pote dèy non sèlman pou plis pase 5 000 ayisyen ki mouri anba bal militè nan koudeta, men pou peyi a an jeneral ki fè yon lakilbit san parèy.

Poukisa mwen di yon lakilbit san parèy? Si nap gade evolisyon pèp nan tout peyi, en jeneral, toujou gen yon pwosesis renouvèlman jenerasyon ki fèt nan tout domen, yon jan pou yon gwoup nan sosyete rale kò li pou bay yon nouvèl jenerasyon pi jen pase li plas la yon fwa lè a rive nan laj pou li rale kò li. Anben, nan ka pa nou, gen yon gwo twou vid ki rive ak diktati Divalye a. Ak plis pase 30 lane fè nwa, pwosesis renouvèlman sa pa fèt pandan 2 jenerasyon poutèt diktati sa ki , olye li fleri nan peyi, oubyen Divalye asasinen yo, oubyen yo kouri pran legzil.

Se yon aspè ke nou pa janm pran tan reflechi sou li, men lè ou gade konbyen fanmi Ayisyen ki blije kraze raje sou diktati a, se yon bagay grav! Se pa de kantite sèvo ki kite peyi (Exode des cerveaux). Kididonk, se jenerasyon sa yo ki pou te ede peyi e olye sa, se lòt peyi yal ede: pwofesè, doktè, enjenyè, ekriven ki blija al nan Lafrik, Lewòp, Canada, Etazini elatrye.

Nan lane 86, lè Jean-Claude ale, te gen yon chans pou anpil moun sa yo tounen, men 10 lane enstabilite sa ak militè yo, ak Meriken kap fè magouy pa ede nou ditou. Men se nan lane 1990 la ke peyi te vin gen pi gwo chans pou rete pwosesis dejenerasyon sa pou li remonte sou wout pwogre. Gwo eleksyon demokratik Aristide la nan 1990 te vin kreye anvironman politik ak ekonomik potansyèl la pou pitit peyi a finalman jwen wout lakay yo pou yo vin ede Ayiti remonte pant.

Se poutèt sa mwen di ke, malgre diktati Divalye, se te yon peryòd fè nwa nan listwa Dayiti, nan pèspektiv pa mwen, koudeta 30 septanm lan te pi destriktè toujou pou dega li kite dèyè. Kite mwen pi presi.

Menm si ap toujou gen espekilasyon sou kijan Gouvènman Aristide ta evolye si li te fè tout premye manda li nòmalman, gen de obsèvasyon klè ke nou ka fè.

A) Koudeta 30 septanm lan bloke sèk yon pwosesis ki te gen potansyèl pou retounen nan peyi a yon pakèt pwofesyonèl ak konpetans pou mete enstitisyon yo sou pye. Fanm ak gason oubyen te fin tounen nan peyi a, oubyen tap pare pou tounen. Mwen konen anpil ladan se kom si yo te koupe bra ak pye lè koudeta sa fèt. Eske nap janm gen yon mouvman retou konsa ankò, nan enpòtans sa? Mwen pa konen, men li klè ke sa pap fasil ditou.

B) Se premye fwa te vin gen volim relasyon sa ant Ayisyen andedan peyi a, ak Dyaspora Ayisyen an. Pou premye fwa, dyaspora santi li te kapab kontribye nan devlopman peyi a nan menm enpòtans ak Ayisyen nan peyi a. Yon bagay pozitif ki rete de eksperyans sa, se ke enpòtans dyaspora toujou rete, poutèt politik Lavalas ki toujou panse dyaspora gen yon gwo wòl pou jwe nan devlopman peyi a.

C) Koudeta 30 septanm lan vin domaje yon pwosesis demokratik ke pèp ayisyen an tap viv e ki etone lemond antye. 10 lane sèlman apre finisman diktati a, pou nou vin pran koudeta ankò, se te pi gwo kou nou te ka pran. Enstitisyon ki te koumanse mete sou pye vin kraze; militè yo voye kontreban monte nèt; e se sou militè sa yo trafik dwòg la, menm si li te yon ti jan egziste tou piti, vin pran chè tout bon e vin jeneralize ak Kolombyen yo.

Kanta pou ti peyizan yo menm, tout òganize yo te gen tan fè nan agrikilti, ak plizyè lòt, militè dechikete tout sa. Se te laterè nèt!.

Dapre mwen, koudeta sa demontre kèk bagay pozitif tou.

A) Li demontre ke pèp ayisyen an, tankou lè esklav yo te fè li en 1804, lè li detèmine li vle yon bagay, pa gen anyen kap fèl pran lalin pou fwomaj. Mwen toujou di ke si se pat rezistans pèp la andedan peyi, militè yo tap bèl ti gason.

B) Koudeta 30 septanm lan vin kreye yon lyen ant Ayisyen andedan peyi ak dyaspora ki pat janm egziste anvan. Se rezistans andedan ak deyò peyi ki vin kreye beton sa ki bay Aristide ak ekip li a kè pou li goumen jis nan viktwa final. Patenarya sa se yon nan pi gwo bagay ti te ka fèt Sa vin konsolide lide ke devlopman peyi li nan menm tout Ayisyen, ke lap viv nan peyi ou non.

Repèkisyon koudeta sa, nap santi yo jis koulye a. Ayisyen anvi tounen lakay yo, men yo pa fin sèten tout bagay fin chita pou yon tounen; enstabilite politik tabli nan peyi a, koripsyon tabli nan peyi a pi rèd paske otorite ki te la pou bloke sa te ladan jis lan kou; sistem lajistis la pa fouti demare komsadwa, elatrye.

Map rete ti analyz sa pou mwen di ke mwen panse koudeta 30 septanm 91 lan, se te pi gwo kalamite peyi a soufri, jisteman paske li te san lè koumanse yon pwosesis ki, si li te rive tanmen, te gen potansyèl pou mete Ayiti sou wout modènite, vre demokrasi, ak devlopman sosyal ak ekonomik. Li difisil pou "kantifye" dega yo, men mwen ta di ke koudeta sa fè peyi a pran yon gwo reta omwens 20 ou 30 lane, setadi owmens yon jenerasyon. Lè w ajoute de jenerasyon nou pèdi sou Divalye a, nou wè ki kalite pwoblèm nou gen nan men nou.

Men, si nou konsidere kapasite rezistans pèp ayisyen atravè listwa li, depi rebelyon esklav yo, pase sou lokipasyon, rive sou 1991, mwen rete kwè ke pèp la kenbe gwo sipriz toujou pou fòs fè nwa yo ki refize kite li devlope tankou tout moun nan egalite, nan lapè, ak nan edikasyon. Qui vivra verra!.


Repons sou sijè sa: