Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan)


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) François-Marie Michel te ekri a,

padel afiche mesaj sa, jou 29 Septanm 2002 a 20:11:24:

30 Septanm 91 ! Yon dat ki tris pou pèp Aiysyen. Mwen konsidere dat sa menmjan ak 17 Octòb 1806.
Lespwa pèp Aysyen pou yon demen miyò te pase anba bòt Lame d'Ayiti menmjan yo pase fiti pèp Ayisyen jou yo te touye papa Desalin.
Koudeta ke general Cedras ak tout sanginè parey li yo te komèt lan te yon kou kont tout pèp Ayisyen .
Nou bese tèt nou byen ba an memwa frè ak sè nou yo ki te mouri anba bal asasen ignoran lame dÁyitijou 30 septanm 1991.

Pou la premyè fwa nan listwa de pèp granmoun li Aysyen te leve e chwazi prezidan ke l te vle 16 desanm 1990. Lespwa te jayi, fyète pèp nou te doubout nan kat kwen kadino peyi a. Pitit deyò ak andedan te kòmanse mare sosis yo pou leve defi lamizè ak lenjistis, korisyon ak vann peyi. Pandan sèt mwa, listwa de kapasite de pèp ki te vle chanje vye sistèm "tout pou yon ti kras ponyen moun" te komanse ap ekri. Bripsoukou, Tout travay sa pèdi nan yon sèl jou ak yon koudeta ki mete dlo nan zye tout yon pèp jou ki te 30septanm 1991.

Nou pa blye tole endiyasyon n jou sa, nou pa blye frè ak sè nou yo ki te tonbe anba bal lame sanginè dÁyiti. Nou pa blye figi Cedras, HOnorat ZuZu, Michel Franswa, ki tap bat lestomak lakontantman jou sa, menmjan Garat elatrye tap bat lakontanman lè yo te fiziye Desalin. Yo touye e toufe espwa tout yon pèp.
Jou 30 septanm 91 pa dwe yon dat ki pase tankou nenpòt ki dat. Li mande refleksyon. Se yon jou doulè ak endiyasyon.
Pou nou, kalamite pèp Ayisyen ap pase jodi a se yon konsekans dirèk de koudeta 30 septanm 91 lan. Rezilta a klè sou je nou: -
Divizyon ant menm pitit tè a vin pi laj.-
Raysman youn kont lòt kontinye ap vale teren.-
Lamizè, koripsyon an denmon.-
Ideyal 17 desanm 90 lan devye de wout li.-
Mezantant tribòbabò-, MoUnPa , anbago kontinye sanpransouf.-
Gid yo gaye.
Rezilta yo montre a klè ke pou genyen avansman pozitif kòm yon pèp fok NOU SEMANTE 77 FWA: Nou pa dwe pran yon lòt koudeta ankò.

Se vre nou pa ka fè listwa ak Si. Nou devan yon etadefèt. Kidonk ki leson nou dwe tirè de jou tris sa?
Lè nou fè yon ti jefò poun repase listwa nou kòm pèp, nou ka konkli ke: koudeta pa janm rezoud okenn pwoblèm Ayisyen depi Garat jis pou rive a Cedras. Se toujou plis divizyon ak koripsyon chanjman brital sa yo bay depi 1806. Kidonk espwa nou kòm pèp pa dwe chita ap refè menm eksperyans negatif sa yo. Li LÈ li TAN pou nou fini ak vye zak briganday koudeta sa yo.
Kisa ki akouche 30 septanm 91?
Pou yon minorite li klè ke se chanjman lavi pèp ayisyen ke yo pat ka sipòte sètadi yo pat antann ke ann Ayiti ‘Tout moun vin Moun’ toutbon., yo pat ka dijere ke Pèp Ayisyen fè enpètinans chawzi yon Pè abitan san otorizasyon Avantaj peze kou pèp lè yo pi pito te menase fini.
Pou zanmi MoUnPa nou yo pèp Aysyen te komèt yon hadyèspèmèt deske li fè chwa san ‘monnonk’ li yo pa bali dwa tankou sa te konn fèt. Pèp Aysyen, ankò infwa te kreye yon move egzanp pou lòt pèp nan zòn sid lan.
Pou tout rezon sa yo, kraze e touye tout moun ki reprezante yon chanjman sa yo pat yon pwoblèm pou yo.

Kijan nap fè poun anpeche yon lòt zak parèy refèt nan peyi a?

Lò nou konsidere rezilta negatif ki akonpaye koudeta 30 septanm lan, li ta lojik pou moun ki t'ap bat bravo jou sa pou yo ta poze tèt yo kesyon:
Ki sa k regle pou peyi a?
Èske pa yo pat dwe chèhe antann yo pou rezoud diferans san yo pa ta oblije touye tout malere ayisyen parèy yo?
Èske rayisman de Aristid kòm prezidan ke majorite pèp ayisyen te chwazi otomatikman mandate yo pran zam fannfwa e maspinen asasinen yon pèp.?
Èske l fès sans?

Rezilta zak kriminèl sa pa mennen pèp ayisyen okenn kote li senpman retade ankò infwa, chanjman total kapital ki genyen pou fèt lan to ou ta. Jounen jodi a , ayisyen ki te lakòz zak kriminèl sa dwe reflechi 77 fwa, sou kalite enplikasyon/madichon koudeta 30 septanm 91 lage nan mitan nou kòm pèp Nou swete sa, nou ta vle kwè tout ayisyen ta ka fè efò sa kanpe devan yon glas gade tèt yo e reponn kesyon sa; Ki lè m'ap ka antann mwen ak tout frè e sè ayisyen parèy mwen yo pou byen peyi nou?
padel




Repons sou sijè sa: