Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis.


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis. Jean-Marie Beaudouin te ekri a,

Jean-Marie Beaudouin afiche mesaj sa, jou 26 Septanm 2002 a 14:31:33:

Zafè lafilozofi, lakilti ak valè tradisyonèl peyi-a, anben se de bagay ki fèt pou anba kontwòl LETA. LETA pa fouti pèmèt tèt li kite bagay sa-yo lan men patikilye. Se de bagay ekstrèmman sansib ke yo ye, e se ak yo you LETA fèt pou-l fè vanse peyi-a nan sans pwogrè sosyal ak ekonomik, e li kapab menm rive anklanche you revolisyon kiltirèl ki pou bay LETA plis fòs, nan kad misyon-l.

Se you pwensib kadinal ke tout lETA ki gan nen lan figi-l fèt pou-l aplike san endiljans e san tranzijans. Men malerèzman, bò lakay pa nou, ganlè bagay sa-a pa tèlman enterese dirijan nou-yo; kidonk yo pito lage-l lan men lòt antite tankou Legliz konsa. Anben lè konsa, fòk na admèt ke LETA-a ap fonksyone san okenn oryantasyon e pandanstan Zòt pwofite pou-l fè chou ak rav nan zafè lakilti peyi-a. Konsa, ou vinn ganyen you sosyete amòf e ki pare pou-l reziyen-l ak tout sa ke yo bali.

Noumenm, nou di non ak kalte vye mòd atitid ak konpòtman sa-a e n'ap denonse-l osilontan ke lanati fè-n kado you ti kal lavi. Se poutèt sa, nou vle pwone you lòt LETA seryèzman ki pou vinn mete you bout ak you pwen final nan ansyen sistèm-nan. Nou reyèlman kwè anpil lan lide sa-a e nou ta renmen ke tout Ayisyen konsyan pwogresis, anben reflechi ak bay larezonnman-yo sou sa tou.

Bon! N'ap rapouswib toujou sou wòl ak lobjektif LETA syantifik-la.

Wi tankou nou tap di ayè sou lese-fwape ki te toujou ganyen ant LETA ak Legliz, ke se lan tan ansyen osinon lan tan jodi-a. Men, nou wè ke bò kote pa nou ke LETA toujou derefize konfwontasyon-an, alòske alabèl sa ta bèl! si Legliz te ka jwenn you anfas.

Kidonk, Legliz sitye-l pandan ke l'ap feraye dan ledomèn Espirityèl sètadi sa yo hele odla obyen absoli. Otweman di, Legliz mete-l lan kat kwen lemonn pou-l chache bati lafwa moun-yo pandan ke l'ap fè yo kwè lan BonDye ak lan lavi etènèl. Kidonk, leSèyè JÉSUS kite plas pou patizan-l yo vinn viv ak li lan rwayòm selès-la.

Pwonmès sa-a do pètèt vre, men anvan sa, ganyen aktyèl lavi sou latè-a tou. Sa n'ap fE ak li? nou pa ta fEt pou-n rete de(2)bwa kwaze, piske nou youn pa konn kilE bagay sa-a gan pou-l rive. E sanble moun ki antEt Legliz-yo byen konprann keksyon sa-a, nou konstate mizapa zafE lafwa, men yo byen regle tre materyEl-yo tou. Yo menm rive ankadre klas moun ki gan yo pou yo kapab ganyen sifazamman bonjan teknik pou yo kontinye fE lajan jiskake mayi mi. Kidonk, se sòt ki bay, enbesil ki pa ran!

Bò kay LETA-a menm, anben se lan letanporEl ke-l aji ak opere. SEtadi ke LETA limite chan daksyon-l yo dan letan, dan lerasyonèl e li pa akòde twòp enpòtans nan zafE revele/rEv osinon aparisyon. AndotwetEm, LETA kwE lan kapasite-l pou-l pwodwi refleksyon-l sou you baz rasyonEl, sou you baz rezonnman lojik.

LETA kwE lan sa ka fE, e li bay otorizasyon pou sitwayen-l yo mete ak lòt sitwayen lòt bò dlo pou yo fE pi gwo rechEch, demannyE pou-l ka fE lòt bagay ankò, ke-l pankò metrize teknik-yo. LE ganyen you fenomEn etranj ki prezante-l lan chan vizyon-li, anben LETA solisite konkou lasyans pou-l ka byen sezi nati fenomEn-nan. E atEm, li gan pou-l swa tranfòme-l lan sans byen pou nasyon-an si sEleka, osinon si se you move bagay, anben l'ap pran dispozisyon nesesE pou jan de fenomEn konsa pa repwodwi ankò.

Bazikman, vwala jan de sitiyasyon ke LETA enterese-l; lòt bagay EspirityEl/lafwa-a anben se pou annaprE. SEtadi lE kondisyon materyEl-yo finn regle, tankou bay lamanjay, kay pou timoun ak granmoun dòmi, lekòl, sant pwofesyonEl ak fakilte blayi agogo pou tout jenEs-la. Tout LETA-yo se menm nati sa-a ke yo ganyen e se menm pEsepsyon-an yo ganyen pa rapò a bagay EspirityEl-la. Menmsi ganyen kEk chEf LETA ki prete sEman sou Labib-la, men pa enkyte-w, se toujou zenterE materyEl-yo k'ap pote lamayòl-la.

Lan sans sa-a, nou pa kwE ke se nou k'ap di-w ke pil lagE k'ap fEt-yo, ke se pa bagay BonDye k'ap regle. LEzenterE tankou Petwòl, Lò, Dyaman, gwo ZAm pEfeksyone elatrye, anben se bagay sa-yo ki gwo mobyl lagE-yo. LE ganyan jan de gwo manifoktEl sa-yo, anben BonDye limenm bò kote pa-l, se oswa l'ap dòmi osinon li voye gwo labenediksyon sou Zam gran nEg-yo. Se nou ki souliye bagay sa-a, men se you dwa ke-w ganyen pou pa kwE-l.

Kidonk, fòk jennEs peyi-a ta dwe bay tEt-li you LETA dan lekEl gwo tEz sa-yo ta manyE kòmante epi pou-l ta etidye-yo tou. TEz tankou: Lafwa espirityEl, Lodla obyen bagay absoli-a. Paske pou nou, sou sa nou wE deja ak sou sa nou tande, anben nou kapab di ke prEch Legliz-yo yo parEt trE limyte e yo tankou you sòt mank lan matyE griz etidyan-yo alevwa pou sa ki senp despri-yo. Fòk nou mete you pwen final nan ansEyman pa konngout sa-a, you vye ansEyman ki pa ganyen okenn sibtans orijinal ladan-l. LETA fEt pou-l pran kòmann ledikasyon-an definitivman e se pou-l tabli you ansEyman ki pratik ak syantifik, se wòl esansyEl LETA-a.

Nou kraze you kite sa pou jodi-a pandan ke nou pwonmEt-w ke n'ap tounen ak rEs kontni LETA syantifik-la.

MEsi bokou

Jean-Marie Beaudouin




Repons sou sijè sa: