Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis.


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis. Jean-Marie Beaudouin te ekri a,

Jean-Marie Beaudouin afiche mesaj sa, jou 24 Septanm 2002 a 18:54:37:


Henhen, n'ap rapouswib ak LETA syantifik-la nan kad misyon-l pou-l chanbade peyi-a lan tout sektE vital-li pou-l ka finalman jwenn pwogrE ak bonE pou tout moun. E se wòl LETA-a menm pou-l degajEt-li kon you mEt janjak pou-l rive lan you satilfaksyon jeneral. Konsa, sitwayen-yo fEt pou yo egzije LETA-a sa, chak tantiv ki fEt nan sans sa-a ki ta echwe; anben yo fEt pou yo toujou kontinye mete presyon sou li, jiskake yo finn pa jwenn rezilta kòrEk-la. Se konsa nou wE-l!

LETA syantifik-la ganyen obligasyon pou-l pran tout dispozisyon ki chita sou reyalite peyi-a, pou-l antweprann devlopman ekonomik nasyon-an. Kidonk, devlopman ekonomik-la depann anpil de resous agrikòl ki disponib-yo. Konsa, pwodiksyon nasyonal-la dwe pase pa kalfou oblije sa-a; e fòk LETA-a konnen byen lan ki sektE ke-l dwe envesti pou-l pa refE menm ErE pase-yo. Lan sans sa-a, n'ap pwofite louvri you parantEz pou-n bay you ti eksplikasyon sibzidyE.

DEfwa you moun ka toujou vle fE byen pou tEt li men li ka pa konnen tou ki chimen pou-l pran ki pou pEmEt-li rive akonpli rEv-li. Se poutEt rezon sa-a, nou toujou di ke labònFwa ak labònvolonte anben yo pa sifi pou-w ta dirije you nasyon. Noumenm, nou kwE pawòl sa-a! ZafE k'gade moun ki enkredil-yo!

Pou nou, labònfwa sibjektiv anben se you bagay ki depouvi denterE. Sa ki esansyEl-la, se konnen ki bon bout ou kenbe lan men-w e ki kote bout sa-a ka mennen-w(Tenants et aboutissants). Si-w pa rive metrize aspE sa-a, anben w fouti wE machin-nan bouyi anplas, e w menm kapab kwE ke-w viktim nan you kout wanga.

Paske swedizan chofE-a kapab byen manifeste dezi-li ak bòn volonte-li pou-l kondwi/mennen pasaje-yo lan destinasyon respektiv-yo. Epi ak nayivte, pasaje-yo bay chofE-a you benefis dout, men konsa tou ilsepebyen ke depi lan demaraj-la; anben yo tou siyen lanmò klinik-yo san ke yo pa rann yo kont de sa. Kidonk, fòk you moun konnen dabò sa'k lan men-l answit pou-l ka konnen tou kisa li ka fE avE-l. Paske n'ap viv you monn deplizanpli syantifik ki benyen ak teknik, kidonk w pa ka mize-w twòp sou chans.

Lan menm rejis-la, nou konstate ke LETA ansyen-an nafEke dEzaksidan lan pakou rotatyf li-a; konsa w jwenn you miltitid moun ki aksidante ki sikonbe lan wout, anvan yo rive lopital. E pandanstan, bagay-la se you sik ke-l ye, li rekoumanse rotasyon-l lan ankò pou-l pwodwi menm fenomEn-nan. Kidonk, se pou-n fE anpil atansyon ak bagay sa-a pou-n pa twouve-n pou pi ta douvan you pi gwo katastwòf ankò! Se bagay serye wi! se vre wi! Nou pa ganyen bouch kabrit, men se lasyans k'ap mennen lemonn!

Anfen, nou vle you LETA dan lekEl valE demokratik-yo fEt pou-yo transfòme sitwayen-an ni dan lapanse osibyen nan domEn materyEl-yo. You LETA dan lekEl Legliz sispann pwoyeminant e dominant, men se pito LETA ki dominen zafE lafilozofi ak lakilti. E pozisyon de(2) antite sa-yo, anben yo twouve-yo opoze youn ak lòt menmsi yo ta kapab toujou fE fas kare sou teren lafwa-a.

N'ap vin wE degenn-yo avE-w denmen, se konsa nou mete you bout pou jodi-a.

MEsi anpil.

Jean-Marie Beaudouin


Repons sou sijè sa: