Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis.


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis. Jean-Marie Beaudouin te ekri a,

Jean-Marie Beaudouin afiche mesaj sa, jou 24 Septanm 2002 a 12:42:08:


Tankou-w ka rann-w alevidans ke chak aspè nan lavi peyi-a, anben entèvansyon LETA-a parèt prezant. Kidonk, si LETA-a pa kòdyòm osinon li pa reskonsab/reprezantatif; anben pèp nasyon-an pap gan chans tou pou-l fè you bon pa sou chimen pwogrè-a. Se poutèt sa, nou oblije mete gwo aksan sou zafè chanje fòm LETA sa-a anvan ke-n ta mete an egzekisyon you kèlkonk pwojè devlopman nasyonal.

Noumenm, nou kab pa konnen tout mekanis-yo ki pou mete an plas pou rive transfòme tout ansyèn estrikti LETA-yo pou-n ka vinn gan you LETA modèn e rasyonèl. Men nou vle envite tout zanmi kanmarad Ayisyen-yo pou yo pote lide pa-yo tou, pou-n ta ka wE anssanm ki mEyE fòmil nan kad you lide konsa.

Pa egzanp zafè boksit-la, anben se youn lan richès peyi-a te ganyen obyen pEtET ke-l toujou ganyen. Men lò nou gade dezas ki te pase ladan-l bò ane 70-yo, anben nou kapab di ke se ireskonsablite LETA-a ki te lakòz sa. Kidonk jodi-a menm, si-w ta ganyen you etid/pwospeksyon ki montwe ke-w ta kapab eksplwate you kELkonk minrE, anben w riske anrejistre menm dezas-la toujou wi.

Konsa n'ap rapouswib ak devlopman yo.

Laboksit se you pwodwi ki soti lan minn e ki sèvi nan endistri aliminyòm, ladan, w kapab ekstrE istansil pou kizinn-yo ak pou twalEt tou. Konpayi ki tap fE eksplwatasyon-an nan epòk sa-a, te rele " Reynold's Haitian Mines". Jiska jounen jodi-a, pEsonn moun pa konnen ni ki valè kantite tonnaj ki te soti nan tè-a ni ki benefis ke bagay sa-a te rapòte LETA Ayisyen-an. Lan sans sa-a, menm you senp kòmantè pat bay sou li, alevwa pou yo ta montwe-a tablo estatistik-yo. E se lan nati LETA sa-a pou-l pa bay enfòmasyon sou sa k'ap pase anndan peyi-a e pou-l kache laverite sou tout bagay. Tip LETA sa-yo, anben se konsa yo fonksyone!

Se konsa, noumenm, nou panse ke peyi-a pa ka kontinye ap viv lan fason akayik sa-yo ankò. Kidonk, fòk ta gan you priz anchay prese-prese ki pran sou zafè peyi-a e pou-l jwenn you lòt direksyon, nan sans pwogrè tout sitwayen-yo. Jou-yo ap kouri, ane-yo ap vide pa makònn sou nou, tan limenm pa vle bay chans ankò! Pandanstan, timoun nou-yo ap finn granmoun anvan lE-yo, yap fE jennEs-yo ak vyeyEs-yo ansanm. Nou pa ta dwe pèmèt you fenomèn konsa devlope lan kò sosyal peyi-a! Kidonk, nou dwe asime reskonsablite-n douvan nasyon-an!

LETA syantifik-la dwe absoliman ankouraje pandan ke-l fèt pou-l finanse/bay lajan pou rechEch syantifik-yo. Paske l'ap gan bezwen dEdone estatistik fyab pou-l ka byen gouvEne e fòk li ganyen bonjan karaktE ak anpil ladrEs pou-l ka byen jere done sa-yo.

Nou regrEt dEske nou oblije deplase kounye-a, men senEke difere n'ap vini talE konsa.

MEsi bokou pou atansyon-w.

Jean-Marie Beaudouin


Repons sou sijè sa: