Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan)


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) Editè Fowòm lan te ekri a,

Marilyn Mason afiche mesaj sa, jou 22 Septanm 2002 a 15:07:42:

Guy ekri:

"Pou ki sa apre yon sèten tan, mwen pa elimine mesaj ansyen yo, pou mwen kite mesaj nèf yo sèlman? E si mwen te fè sa, pyèsmoun pa ta gen dwa fè m fot pou sa. Al gade fonksyònman tout lòt fowòm sou entènèt la pou w wè si mwen pa ale "above and beyond"."

Se vrèman vre!

Koute mwen:

Te gen yon gwo gwo fowòm sou Entènèt la yo rele "CreoLIST", ki te sèvi kominote kreyolis toupatou nan lemonn depi dezane.

Men, malerèzman, depi 2 semèn, fowòm "CreoLIST" la se yon kadav li ye.

E, ki sa 2 editè fowòm "CreoLIST" la fè ak bwat achiv fowòm "CreoLIST" la -- ki yon resous kreyòl trè trè valab, yon resous kreyòl byen istorik?

Yo jete l nan poubèl!

Anmoure Fowòm Ayisyen an, pwoteje Fowòm nou an!

Se yon resous kreyòl trè trè valab!

E lavni li, se nan men nou yo li ye! Se pou nou deside sa k pase ladan l.

Menm bagay ki te rive ak Fowòm "CreoLIST" la ta ka rive ak Fowòm nou an tou!

Mwen repete, pwoteje li!

Marilyn





Repons sou sijè sa: