Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan)


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) HUM! te ekri a,

Editè Fowòm lan afiche mesaj sa, jou 22 Septanm 2002 a 14:31:16:

Bon, kounyè a fòk nou ta chita sou etimoloji "demokrasi" a. Men mwen pa anvi fè sa, paske nou tout konprann trè trè byen sa m ap pale la.

Koute, pou ki sa ou panse m ap fè tout efò sa yo si se pa prensip demokratik ki gide mwen? Pou ki sa m ap peye pou yon espas chak mwa alòske mwen sètènman pa dakò ak milye mesaj ki pase sou li? Pou ki sa apre yon sèten tan, mwen pa elimine mesaj ansyen yo, pou mwen kite mesaj nèf yo sèlman? E si mwen te fè sa, pyèsmoun pa ta gen dwa fè m fot pou sa. Al gade fonksyònman tout lòt fowòm sou entènèt la pou w wè si mwen pa ale "above and beyond".

Sèl bagay, mwen toujou di nou, depi sou tèt paj rantre fowòm lan, ke se mwen kab deside sou prezantasyon li. Mwen pa kapab ban nou aksè a yon mesaj pou nou rete nan plenyen "men Editè, fòk ou ta bay mesaj la plis vizibilite toujou". Kesyon an se: "Eske ou gen aksè a mesaj la OU NON?"

Koute, mwen pa kwè nou bezwen vin debat sou la demokrasi la. Nou byen konprann mwen. Jan nou renmen di: "Annou sispann vire an won!" Se pa sijè sa mwen te vli dsikite la. Se temwanyaj mwen tap chache rasanble sou Anivèsè 30 Septanm lan. Mwen resevwa temwanyaj ou deja, Hum. M ap tann lòt yo. Annou sispann kreye divèjans, nou tout konnen sa m ap pale la.

Mèsi.


Repons sou sijè sa: