An repons a: Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) joven te ekri a,
Editè Fowòm lan afiche mesaj sa, jou 22 Septanm 2002 a 02:28:45:
Non, se PA erè.Dayè, kòm règ JENERAL, si yon mesaj ou yon replik pa parèt sou paj rantre fowòm lan a nenpòt ki moman, se chwa Editè a. Mwen pa janm sonje erè janm fèt nan sans sa.
Epi si ou ta va pale de yon replik a yon mesaj ki parèt la sou paj rantre a, sa grav. Mwen pap chache evite nou fè yon ti efò pou nou klike sou ralonj yo ki parèt anba tèks mesaj yo.
Kidonk, ou wè, Joven, se pa yon erè.
Yon replik gen dwa rete sou fowòm lan etènèlman. Li kapab rete tou 5 minit ou mwens. Ki moun ki deside? Se mwenmenm. Fowòm lan pa yon demokrasi.
Ki sa mwen ofri nou pou nou twouve mesaj ki pase deja sou fowòm lan? Mwen ofri nou ralonj ki anba tèks yo. Mwen ofri nou Bwat Rechèch Fowòm lan. Mwen ofri nou tout espas sa ki deja genyen 6,500 mesaj ladan l. Yon espas ki menase debòde ankò, jan sa te rive gen 3 semenn apeprè. Mwen ofri nou suè mwen ak kouraj mwen nan mentni aksè a yon fowòm ki peze lou anpil sou zepòl mwen. Men ki sa mwen pa kapab ofri nou?
Mwen pa kapab ofri nou fonksyònman yon fowòm ki baze sou jijman yon lòt moun. Tout efò m ta vle fè nan sans sa, mwen pap kapab.
Jan Ameriken konn di, nou "stuck" ak Editè sa.
M espere ou twouve repons a kesyon ou te poze a.
Kenbe la.
P.S. Lò mwen fin ekri sa, mwen reyalize m ap sètènman blije retire ni kesyon w lan, ni repons mwen ba ou la nan yon tan ki byen kout (minit? è? jou? mwen poko deside). Pou ki sa? Chache konprann.
Mèsi.
- Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) HUM! 22/9/2002
- Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) Editè Fowòm lan 22/9/2002
- Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) Marilyn Mason 22/9/2002
- Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) Joven 22/9/2002