Yon ti rapèl


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]



An repons a: Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) Editè Fowòm lan te ekri a,

Editè Fowòm lan afiche mesaj sa, jou 22 Septanm 2002 a 01:54:41:

Mwen panse majorite Ayisyen kab dakò ke evènman 30 Septanm 1991 lan se te yon evènman trajik pou pèp ayisyen an (menm si se pa tout).

Majorite moun mwen konnen panse ke evènman 11 Septanm YO (Chit gouvènman eli demokratikman nan Chili an 1973 ak lanmò Prezidan Allende, atak mètriyè sou legliz Sen Jan Bosko an 1988, lansasinay Antoine Ismery an 1993, destriksyon dezas nan vil Nouyòk an 2001) trajik tou (menm si se pa tout).

Mwen te deside louvri yon dosye espesyal sou kalite evènman-chòk sa yo ki make patisipan ki vini sou Fowòm Ayisyen an. Mwen panse se mak distenktif pou yon kominote ke l kapab pèmèt eleman nan kominote sa esprime sa ki nan tèt li, sa ki sou kè li, san nou pa imedyatman tonbe voye kokomakak sou moun lan ki pran chans reponn envitasyon espesyal sa mwen te voye ba nou antan k Editè Fowòm Ayisyen an.

Mwen panse li ta pi bon menm ke chak eleman ki ta vle choute sou yon lòt pou sa li esprime a ta reponn envitasyon orijinal la dabò.

Chak fwa nou reponn yon moun ki jis esprime santiman li JAN LI VLE nan repons premyè a envitasyon orijinal la (ak anpil agresivite - e sitou si nou pa menm pran tan ajoute kontribisyon pa n) se detwi n ap detwi sòm total kreyativite e espontaneyite kominote a. Chak fwa nou fè sa, nou garanti se yon moun de mwens kap vini esprime santiman pa li, depè nou pa tonbe chire l menm jan an mil moso.

Lò sa rive, ki moun ki pèdi? Se nou tout ki pèdi.

Ki sa evènman 30 Septanm 1991 lan siyifi pou ou? Koute, kanmarad! Se Listwa n ap fè la. Gen anpil anti-lavalasyen ou anpil anti-aristidyen ki gen ase onètete entelektyèl pou yo admèt ke evènman 30 Septanm 1991 lan te trajik pou pèp ayisyen an, menm si yo pa te antiche de Aristide anvan ou aprè. Se pa yon egzèsis revizyonis m ap mande nou fè la pou nou opoze moun ki POU ou KONT Jean-Bertrand Aristide an Septanm 2002. Se pa sa kap pale la. Chache fè bak sou 30 Septanm 1991, menm si ou gen rayisman pou Aristide jodi a, paske liy diskisyon sa, FOKIS LI SE PA ARISTIDE, se CHÒK AK SOUFRANS pèp ayisyen an te sibi, CHÒK AK SOUFRANS ki se yon koudeta ki te lakòz li. Amwenske se fèt nou te fè jou sa lò nou tan de gouvènman Aristide la te tonbe. Dan se ka, se byen, ou te mèt esprime sa tou. Ou te mèt di jou 30 Septanm 1991 sa se yon jou pou nou selebre ak anpil jwa nan kè nou, nou te mèt di jou sa te reprezante yon delivrans pou ayisyen parèy ou. Si se sa nou vle esprime, e byen, mwen ban nou yon espas pou nou esprime sa tou.

Retou nou te fè a sou evènman 11 Septanm 2001 lan Nouyòk ban mwen pèspektiv pou mwen envite patisipasyon nou ankò, ak 2 pinga:

- Anvan w kritike yon lòt, souple bay dizon pa w DABÒ, pote kontribisyon orijinal pa w sou sa kap pale a.

- Lò ou fin fè sa, ou gen dwa esprime sak fè ou pa dakò ditou ak yon lòt frè, men pa vin fè sa yon jan ke se oumenm ki genyen yon degre moral ki siperyè a tout lòt moun sou fowòm lan. Pou w vin esprime ke tout moun ou pa dakò avèk yo se lach yo ye. Pou w vin esprime ou gen repiyans tout gason sou fowòm lan eksepte youn ou de. Pou w vin esprime, o nèg sa mwen dakò avèk li tèt kale, se nèganmwen! Pou w vin defini tèt parapò a yon lòt, olye ou pale pou tèt pa w! Non, tip entèvansyon sa yo pa envite dyalòg la amòse. Se sa anpil ayisyen pa konprann. Ou depanse tout enèji ou ap atake yon lòt, epi lò w fini? Ki sa oumenm ou akonpli? Lò ou fin di se oumenm ki konnen, se oumenm ki pi byen panse, se ou sèl ki jis, e tout moun ki pa panse menm jan avèk ou yo enferyè a ou, ki sa ou reyalize? Ki moun kap suiv ou?

- Non, se pa vye egzèsis polemik mwen envite nou fè la. Sa mwen mande a li trè senp:

KI SA 30 SEPTANM LAN REPREZANTE POU OUMENM PÈSONÈLMAN? KI SA W PANSE LI TE REPREZANTE POU PÈP AYISYEN AN?

E se byen de 1991 m ap pale. Se pa tout moun ki kab fè yon retou an aryè. Men pou sa ki kapab yo...

Souple, kite AYISYEN pale!

Mèsi.






Repons sou sijè sa: