Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan)


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) Joven te ekri a,

François-Marie Michel afiche mesaj sa, jou 22 Septanm 2002 a 01:17:13:

Editè,

Se bon pou wen. M fò w lafilalang. M fin di w m p ap rantre nan koze sa a; m rete m tadoure ladan jis m pale twòp. Se bon pou mwen. Pawòl pale pawòl konprann, Editè. Men nan Window a, pawòl pale, pawòl pa konprann. Epoutan nan Bakalorea, Editè, nèg tradi vèsyon latin, vèsyon grèk, vèsyon panyòl, vèsyon angle. Ki pi rèd yo tradi tèm, e yo ekri topic tou. Men vèsyon daki a (se pa mwen ki di se daki non) yo pa ka tradi l? A traka pou lave kay tè ak fèy-gouyab!.
Epoutan nèg li vè Chekèspir oswa Chèkspir. Chechèkèspi oswa pir wi? E nèg di yo konprann. Fò w kwè daki pi pwofon pase lilyad ak lodise.
Men m pa kwè se rezon an sa, Edité, piske m sèten nan kèk òganizasyon serye, konn gen mesaj ki kòde, ti nèg dekòde antrapde. Se bon pou mwen. Pitimi nan chòdyè pa cho konsa.

Editè, m te pale w. koze 30 sèktanm sa a plòtonnen. M kontinye kwè pito m pa pale ladan y menm. Ou pa wè nèg ap kouri kite lèkoz pou y al nan lèzefè. Lèzefè fasil. W annik di sa k fèt apre a se li ki te anvan. Epi sa w te vle k pase a pi fasil pou pase.

Editè, si w pèmèt mwen pale, m ap di w lapawòl pa fasil non. Anpil fwa sa ki di a, se pa li non ki li. Men kòm mwen se dlo kafe, m klè pase dlo sous (yo pa t konn si dlo kafe te ka klè konsa) m ap mande si sa pa sot lwen pou l vin pre. Pou koupe pal’ anpil la me sa m di yonn apre lòt. M di:

Ki dwa yon ti pè pou l ta vin nan koze politik. An pasan fò m di se pa li ki vini non: yo mete y ladan pou yo te fè Koachi… epi tinonm lan pran koze a pou tout bon.

Epi pi gwo koze m di a? se koze enkanasyon an. Pwason k kraze nan bouyon an. Sa politisyen pa t janm ka fè. Sa ata lagoch pa t rive fè, ti nonm lan al fè l nan pla men, la devan katredal ak wòlstrit. M di li ta mouri menm. Sa pou yon moun pa konprann la a?

M di tou koze tout moun se moun sa a, ou tande la a, s on sakrilèj. Se sa k fè yo ta vle foure nan tèt sa k pa moun yo piske y analfabèt yo bèt. Editè, al mande analfabèt si l pa konprann sa ki di la a, poukisa li konnen lè pou l al vote an foul? Kesyon sa a Editè, li pankò ap fini non. Se sa k fè m pa vle rantre ladan l. Pask’ anvan, tout bagay te annòd. Lòd zonbi, wi, Editè. Eskizen m wi, se pawòl la k chape.

Kote m fè fot la nèt, Editè, se lè m al di sa latitboujwazi santi a, se pa li k ap boukannen y. Editè, si m pa pote m ap trennen. Men koze joubabye a, se pa manti non. Li gonfle toutotan l pa joudlan. Apre joudlan, se requiem “pou in chèlbè.”

Se sa m di a wi ki fè w tande yo di se lwanj m ap chante pou pè a ki bay labsout la. E se pa sa m di non Editè. M di nan Vietnam ak Ojapon, pè a te pi sofistike pase sa, men pèsonn pa t wè l. Pa gen moun ki nan lokal, ki ka di se gloria yo tande nan zòrèy yo. Editè, m ap fò w sonje: akizasyon sa ekri deja wi. Se pousa m di veyo w ak koze 30 Sèktanm sa a. Pase lò w tande yo di w yo pa konprann non, Adjewidan! Si se vre yo pa t konprann konman fè yo akizatè piblik pou fò w di sa w pa di?

Editè. Pito nou lèd nou la. Tout jwèt pa jwèt. M ale.



Repons sou sijè sa: