Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan)


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) HUM! te ekri a,

Jonas afiche mesaj sa, jou 21 Septanm 2002 a 15:50:51:

HUM,

Lè yon moun ap ap pale de koudeta a,zafè analfabèt lan se yon bagay ou paka pa pale de li.

Mwen konn tande menm divalyeris yo,divalyeris yo wi? ap pran pretèks ke yo fè koudeta paske pèp analfabèt pa an mezi pou yo chwazi gouvènman.

Men mesye,ki sa nèg yo ta p fè,pandan 33 zan yo te pase sou pouvwa a.
Genlè ,kòm mwen konn tande moun ap di,ke se te espre yo te fè ,pou yo sa gen eskiz pou yo te rete sou pouvwa?
Mwen pa vle tande pawòl sa a ankò.Gen lòt pèp analfabèt sou kontinan an.Pèp Guatemala pa egzanp.Non sèlman anpil ladan yo pa konn li,yo pa menm konprann lang ke yo ize nan Guatemala city an.E alòs?
Gwatematèk yo pa gen dwa chwazi gouvènman yo tou?
Mwen te bay egzanp LEND anvan.Lend se pi rèd,paske yo pale plis ke 200 lang diferan an END.
Se pou wè jan nèg yo pran pasyans lè y ap fè eleksyon an End.Eleksyon yo konn dire plis ke yon senmen.
Mesye kòm mwen te di,chache lòt eskiz,zafè moun pa konn li paka vote an,mwen pa vle tande bagay sa a ankò.


Repons sou sijè sa: