Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis.


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis. Jean-Marie Beaudouin te ekri a,

Jean-Marie Beaudouin afiche mesaj sa, jou 21 Septanm 2002 a 13:46:24:


Se jisteman pou kalte konviksyon ak kouray JACQUES ROUMAIN, JACQUES STEPHEN ALEXIS ak lEzòt kanmarad la-yo, nou vle erije you LETA modEn, you LETA nasyonalis ki kapab garanti libEte konsysns-yo. You LETA ki pou vinn kaba tout prejije ideyolojik-yo ak tout diskriminasyon lan tout fòm-li, you LETA tou ki fEt pou-l bay tout moun opòtinite pou sitwayen-yo emansipe-yo dan lajwa ak bonjan detant.

Kidonk, nou vle kreye you LETA pwogresis ki kapab anvizaje e amenaje you espas vital, kote pou pitit peyi-a rive viv ak bonjan respirasyon e se pou sa fEt you fason rasyonEl. SEtadi ke se pou kay-yo gan bon espas vivab pou timoun-yo kapab layite kò-yo libe-libE. Se pou LETA pwodwi bonjan plan lojman pou ki reponn lan nòm imEn-yo, demannyE pou sitwayen-yo rive viv desamman. E se pou LETA mete you bout sou zafE tikay-yo, todi-yo ak ajoupa-yo pou zafE geto-yo fini tou anndan peyi-a.

Nou vle you LETA ki bay garanti ke moun-yo fEt pou-yo ganyen menm chans lan lavi-a, chak sitwayen fEt pou resevwa menm sEvis-yo e se pou LETA deplwaye tout kapasite-l pou-l ka travay anfavE grandE ak bonE peyi-a ansanm ak pEp ki ladan-l la. You LETA dan lekEl sant rechEch-yo fEt pou yo fonksyone lan menm ran ak enstitisyon nasyonal-yo. SEtadi ke se pou yo trE vizib e se pou tout moun okouran sa k'ap fEt anndan-yo. Se pou-n sispann ak politik tikoulout-la!

Kidonk, sant rechEch sa-yo yava gan pou wòl pou yo fòme gwo kad nou-yo pandan ke yap inisye-yo sou rechEch syantifik-yo tou. Konsa, rezilta pozitif ak benefis kava sòti lan sant sa-yo, anben LETA fEt pou-l mete-yo osEvis dibyen jeneral. Se konsa nou wE-l!

Lan menm sans lan tou, sant rechEch avanse sa-yo ganyen gwo obligasyon pou yo pwodwi bonjan rezilta nan kad richEs peyi-a ganyen anba latE. Jan de pwospeksyon sa-yo, anben yo fEt pou yo pase anba gwo lobsEvasyon minisyEz e ki dwe tou trE seryEz, anvan ke LETA bay you kElkonk otorizasyon deksplwatasyon.

Noumenm, nou panse ke sijE sa-a ganyen you karaktE nevwaljik/sansib e ki dwe atire you atansyon espesyal delapa LETA-a, limenm. Paske peyi-a ganyen ankò lan memwa-l vye leksplwatasyon abiziv/outwansyE ki te fEt sou BOKSIT-la, nan rejyon nip-yo, bò zòn Mirwagwan-yo.

Nou mete you bout pou jodi-a dan lespwa ke na va rejwenn zanmi-yo senmenn pwochEn.

MEsi anpil pou pasyans-w.

Jean-Marie Beaudouin


Repons sou sijè sa: