An repons a: Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) François-Marie Michel te ekri a,
Joven afiche mesaj sa, jou 21 Septanm 2002 a 13:12:11:
Mezanmi mwen plis flèksib pase HUM! editè règ zanmi yo vle enpoze fowòm lan mande anpil dwate, paske zanmi an fas la pa telman chita sou règleman yo e wap eskize m glisad la tou.
Zanmi pale konsa:[M ap pase sou sila; m fè kazwèl; m rale kò m; m pa jwenn kat; m di pye san m manje; m ap gade nan Window pou m wè danje k ap pase nan tank.
Koze sa w leve la, koze koudeta sa a? Hum! Pito m mache sou 13. Koze klas sosyal sa a? Adje wa! Ki dwa yon ti pè pou l ta vin nan gato sa a? Msye tou s on brave-danje? Si koze teworis la t alanmòd? Adjeee!]
Kanmarad vle fè konprann li pa vle pran chans pale zafè koudeta sa, li di tou ki dwa pou yon ti pè a donk Aristid nan gato a, kidonk pouvwa ak lajan, li pale teworis kòm si koudeta se zak teworis. Kisa nou panse sou agimantasyon sayo. Mwen panse koudeta 91 se yon gwò fè politik nan vi nasyonal peyi a pou yon asysyen pa vle pale de li a mwens ke gen koze nèg vle kache. Zafè gato, yo pa vle Ti pè a manje ladan, zanmi li DEMOKRAT AMERIKEN SEPARE AVÈK LI SELMAN. Zafè klas sosyal ki gen gwo bout baton e pi sa HUM rele transfè klas la fèt Aristid kòm nouvo rich, se nan gwo klib sa li jwe.
Mezanmi moun nan yo pa vle M pale de li a sou kote nou, se li k ap dekode saki di la, sanble nèg la pi maton pase HUM! SE PAPA NOU KAP POTE SWEN A PITIT LI an menm tan.
Zanmi an kontinye konsa toujou:
[Koze tout moun se moun sa a, ou tande la a, Editè, s on sakrilèj wi. Anvan tout bagay te annòd. Se bòn ou ye, enben se rete nan wòl a w. Ki dwa w pou menm koute radyo menm. Epi tou ki tande? se chinwa yo pale nan radyo. Oumenm bòn oswa pit' a bòn ou te mèt tande, ou pa ka koute. Sa se lòd entelèktyèl, wi! De gwo palto trennen atè, tankou redengòt de Tchali Oskado, Tchoulo de Onkòl! Adje Editè, se konsa wi pou fè wè. Epi je wè, bouch pe! San sa pitit alamanmèl. Dayè ki pitit menm? Tout moun se moun... Apeprèman; Men tout moun pa moun. Moun ki moun, se moun lè gran salon kote mo pa pwononse menmjan. Kote pou pitit fèblantye ka pase la menm. Lakou ak salon pa menm. S on koze katèl. Chak pen gen fwonmaj a yo. Chak kaite gen ran pa yo. Si w di sa pa sa: sa w pran se pa w. Si w pa mouri se manti; se koze w fòje. Si w mouri se nòmal. Ou mouri pou je w; se wou k anmède kò w. Lezabsan gen tò. Se konsa wi nan koze sa w vin leve la, Editè.]
Zanmi fè yon rale sou sitiyasyon klas dezerite yo
kenbe a distans menm enfòmasyon pa filtre o pwen moun pa kapab koute radyo e menm lè sa se gwo franse kap voye monte ki se gwo baryè pou ti pèp
la ki pa konprann. MOUN KI KONTE KI SOU MOUN SE NANTI YO. Tout moun se kanpe nan ti kwen yo. Se fòmidab se yon bèl konstatasyon sosyo politik peyi a, Francois byen dekri. Men dekiprevyen ak koudeta, lè nan kan konbatan avan 86 yo ki te angaje an premyè pozisyon tankou MESYEUX, K PLIM, we latrye ou avili yo, elimine yo menm jan ak vye politisyen tradisyonèl, eske moun yo di tout moun se moun, dezerite sayo te vrèman nan ajenda politik lidè popilis a nan diskou kote li ale chache kòd sansib moun sayo?Francois rapousuiv konsa:
[ Adje wi Editè,
Lèsave w wè la a, se pou yo wi, y ap travay. Depi kilè atò! HUMHUMHU! Nan peyi gran palto, sa w santi a, se pa wou k ap boukannen y non. Zafè w si w vle kwè wou se vèmisèl nan okenn soup. Joubabye kanpe li louvri zèl li, li paweze, li gonfle... W a pase sa, nan pwen, nan baskou a... Langonmye pa wè san m wè a. Editè, kon joudlan rive, joubabye a babye pou tout tan gen tanm wi; e se nan lamemwa wi pou tande l! Kote bon sans nan save a? Lèsave bliye vit; li transfere, Wa pa kouzen l... Menmenmenmen!]Bon tradiktè nou kanpe la, sanble HUM! gen rezon le PÈ pa konpran anyen, selman zanmi lavalas yo ki kapab dekòde paragraf sa, paske ajansman mo sayo se bon jan kreyolis kap voye monte, Francois tanpri sou ple ekri pou tout moun.
Francois kap pale toujou
[Koze 30 sèktanm sa a, Edité, se pa de koze non! Yon sèl nou fèb, ansanm nou santi fò, ansanm, ansanm nou santi pi fò. Hum! Se lavi.
Men Editè, sa pa anpeche lang lonje pou pran lòsti le dimanch non. Lavi a se tiwa, yon jou pou le Kris, yon jou pou la klas. Twonpe; twonpe; se sa k pou fè wè jan w entelijan. Editè, ti nèg twonpe menm bondje wi, tèlman yo fò; m pa gen mwèl pou m rantre nan koze sa a. Bèf gen lake, Editè.
Lepèp, se pou sa fini. Sa sa vle di: Analfabèt pa bèt" la? W ap twouble lapè piblik. Si w kite zèl moun sa yo pouse, p ap gen gato pou ripay ankò. Se pou pote yon koreksyon demokratik... Epi lè-plimitif menm jwenn on djòb jako, Koreksyon, anvan lebren vin monsenyè... Adjewidan!]Se menm redondans yo, se slogan, pawòl daki, sevè rekizitwa sou koudeta a ki gen pou objètif yo bay pèp la yon panzou, kote Titid te prezante li kòm Jezi devan adoratè idolat yo.
pou fini ak Francois
[Psst! Psst! Editè, vin' m di w nan zòrèy. Nan Okinawa, nan Tonkin, adje, Lebren kadinal wi. Si m pa manti nan Irak ak Afganistan, dapre mwen li rantre nan Konklav la kòm kandida "kòmki". Dife ponpe sou japonè, yo pa menm bezwen kenbe yo menm!Men kòm lèsave etidye pa chapit, yo pa ka fè koneksyon yo. Atò ou kwè se pa konmsi yo fè? Mezi sa y ap rele "pi-edi" a, pou yo pa ta ka vòltije sot nan yon chapit rive n on lòt? sa ta twò grav! An! se ka konen yo konnen sa yo vle yo di. Editè, mi gen zòrèy! sere koz a w. Annay pale y nan boutèy ble oswa nwa.
Editè koze santi fò a, manti wi; men zen sa a pa ka ekri, zen bòkò a... Eeeey! Rizib, batriba, batri wo, batri nan mitan, batri nan kalfou... Yo kwè wi! san konte timè nèf mwa. Bagay sa a pa ka pale. Gen de fwa Editè pito w pa konnen. Gen de koze, se jenerasyon an jenerasyon pou y pase. Se lò a y a konnen si analfabèt te janm bèt. Se lò a ya konnen kiyès moun ki pa moun!
Editè, ten m ale, papa. Anvan militaro-putchis laboujwazi entènasyonal pwograme, kwaze aken m nan lari-kouvrefe sa a. "Gade m pral mouri ak on bal nan do m pou dan ri!" Dabò menm konbe ki mouri oswa depeyize. Enen! m p ap rantre nan lojik sa a. Pito nou lèd nou la. Tout jwèt pa jwèt. M ale, Editè.]
Francois fè apoloji PÈ lebren sa se san mank, e se toujou sou menm anbigwite lavalas abitye nou voye toya ak pawòl monte.
Eske tout sa lavalasyen yo repwoche fos fè nwa yo ki bay koudeta 91 pou ti sovè a pa reyalize
objektif de jistis de transparans, de patisipasyon an pou mete fen a lòt fason pou regle zafè peyi a sa arive minimalman fèt? Se non, non, non Francois
- Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) François-Marie Michel 22/9/2002