An repons a: Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) HUM! te ekri a,
Jonas afiche mesaj sa, jou 21 Septanm 2002 a 11:52:24:
Mesye,Nap kontinye ak zafè analfabèt nou an toujou.
Tankou pèp lan analfabèt li pa gen konpetans ase pou l chwazi gouvènman li vle.
Mwen te wè menm yon ofisye ki te nan jent poutchis la ,te vin ak agiman sa a.Se te Carl Dorélien ki te fè deklarasyon sa a bay yon jounal Kanadyen.
Menm Dorélien sa a ,kòm mwen te di ,ki te nan jent la,ki sa l te fé pou l te diminye to analfabèt lan.
Mesye sispann ak agiman sa a.Nou gen egzanp LEND devan nou.
Lè Lend pran endependans li an 1947,se yon ti kras moun sèlman k te konn li (yon ti pousantaj).De santèn de milyon pa t konn li.
Men bagay ki remakab,poko janm gen yon koudeta nan peyi sa a,depi lendependans.Nan chak okazyon,yo amelyore jan eleksyon yo fèt.
Te vin rive ke nan yon peyi ki gen yon kas sistèm milenè,te gen yon ENTOUCHAB (kas ki pi ba a) ki te eli premye minis.
Kounye an,y ap gade LEND kòm youn nan pwochen sipèpowè nan 21nyèm syèk lan.
Mesye ,ale nou la voum ak agiman (eskize m editè) ke analfabèt pa ka chwazi gouvènman yo.
Epitou,nonm lan ap diminye,kounye an ,plis ke 45% moun nan peyi an konn li ak ekri.
- Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) HUM! 21/9/2002
- Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) Jonas 21/9/2002
- Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) HUM! 21/9/2002