Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan)


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) HUM! te ekri a,

François-Marie Michel afiche mesaj sa, jou 21 Septanm 2002 a 01:00:37:

Editè,

M ap pase sou sila; m fè kazwèl; m rale kò m; m pa jwenn kat; m di pye san m manje; m ap gade nan Window pou m wè danje k ap pase nan tank.

Editè,
Koze sa w leve la, koze koudeta sa a? Hum! Pito m mache sou 13. Koze klas sosyal sa a? Adje wa! Ki dwa yon ti pè pou l ta vin nan gato sa a? Msye tou s on brave-danje? Si koze teworis la t alanmòd? Adjeee!

Koze tout moun se moun sa a, ou tande la a, Editè, s on sakrilèj wi. Anvan tout bagay te annòd. Se bòn ou ye, enben se rete nan wòl a w. Ki dwa w pou menm koute radyo menm. Epi tou ki tande? se chinwa yo pale nan radyo. Oumenm bòn oswa pit' a bòn ou te mèt tande, ou pa ka koute. Sa se lòd entelèktyèl, wi! De gwo palto trennen atè, tankou redengòt de Tchali Oskado, Tchoulo de Onkòl! Adje Editè, se konsa wi pou fè wè. Epi je wè, bouch pe! San sa pitit alamanmèl. Dayè ki pitit menm? Tout moun se moun... Apeprèman; Men tout moun pa moun. Moun ki moun, se moun lè gran salon kote mo pa pwononse menmjan. Kote pou pitit fèblantye ka pase la menm. Lakou ak salon pa menm. S on koze katèl. Chak pen gen fwonmaj a yo. Chak kaite gen ran pa yo. Si w di sa pa sa: sa w pran se pa w. Si w pa mouri se manti; se koze w fòje. Si w mouri se nòmal. Ou mouri pou je w; se wou k anmède kò w. Lezabsan gen tò. Se konsa wi nan koze sa w vin leve la, Editè.
Pou di pou m ta rantre? Ki ta dwa m? M pa gen dwa pou mwens pase sa. Talè m ki oswa ka... Si w vle byen konprann, Editè: pawòl la pale anba dan, anba chal. Si w kite yo tande w... Adje m di yo!? Menm yo sa a ou tande a, se pa kite yo tande w; pisetan ou pa moun. ou pa gen dwa panse... Nan ki lèkòl yo te voye w pou te ka panse a? Menmsi w panse kote se wou y ap koute ou pa te lekòl. Kimoun ki te mouri kite sa pou wou? Lèkòl? Sa se pou moun. Ou pa moun.
Yon tijennonm, ou pa konn kote y soti, "par où est-il passé pour arriver là" Konman Derilis fè kite sa pase menm? Tijennonm lan twouve rantre nan mitan moun, li monte twa mach, li monte tab sa ou wè la epi l di tout moun se moun. Adje, Editè, ou cho? Kote w vini ak koze 30 sektanm ou an menm? Yo ta fann ni menm. Pi douvan menm koze a chanje nèt. Moun-pa-moun yo ay f on Enkanasyon! Adje bagay konsa se resite w resite sa lè w al lekòl, jouk pou al fè premyè kominyon wi. S on kesyon egzamen wi. Epi kote w pase koze a pran lari, Mistè a pa mistè ankò. Mistè a se nou, nou se mistè... Yo ta fann ni menm. I gen chans!
Editè, Jwèt la brital, li makawon. Kote sa yo soti pou yo monte nan mitan moun konsa? Vin deranje lòd piblik sa a?
Editè,
Adje wi Editè,
Lèsave w wè la a, se pou yo wi, y ap travay. Depi kilè atò! HUMHUMHU! Nan peyi gran palto, sa w santi a, se pa wou k ap boukannen y non. Zafè w si w vle kwè wou se vèmisèl nan okenn soup. Joubabye kanpe li louvri zèl li, li paweze, li gonfle... W a pase sa, nan pwen, nan baskou a... Langonmye pa wè san m wè a. Editè, kon joudlan rive, joubabye a babye pou tout tan gen tanm wi; e se nan lamemwa wi pou tande l! Kote bon sans nan save a? Lèsave bliye vit; li transfere, Wa pa kouzen l... Menmenmenmen!
Koze 30 sèktanm sa a, Edité, se pa de koze non! Yon sèl nou fèb, ansanm nou santi fò, ansanm, ansanm nou santi pi fò. Hum! Se lavi.
Men Editè, sa pa anpeche lang lonje pou pran lòsti le dimanch non. Lavi a se tiwa, yon jou pou le Kris, yon jou pou la klas. Twonpe; twonpe; se sa k pou fè wè jan w entelijan. Editè, ti nèg twonpe menm bondje wi, tèlman yo fò; m pa gen mwèl pou m rantre nan koze sa a. Bèf gen lake, Editè.
Lepèp, se pou sa fini. Sa sa vle di: Analfabèt pa bèt" la? W ap twouble lapè piblik. Si w kite zèl moun sa yo pouse, p ap gen gato pou ripay ankò. Se pou pote yon koreksyon demokratik... Epi lè-plimitif menm jwenn on djòb jako, Koreksyon, anvan lebren vin monsenyè... Adjewidan!

Psst! Psst! Editè, vin' m di w nan zòrèy. Nan Okinawa, nan Tonkin, adje, Lebren kadinal wi. Si m pa manti nan Irak ak Afganistan, dapre mwen li rantre nan Konklav la kòm kandida "kòmki". Dife ponpe sou japonè, yo pa menm bezwen kenbe yo menm!Men kòm lèsave etidye pa chapit, yo pa ka fè koneksyon yo. Atò ou kwè se pa konmsi yo fè? Mezi sa y ap rele "pi-edi" a, pou yo pa ta ka vòltije sot nan yon chapit rive n on lòt? sa ta twò grav! An! se ka konen yo konnen sa yo vle yo di. Editè, mi gen zòrèy! sere koz a w. Annay pale y nan boutèy ble oswa nwa.

Editè koze santi fò a, manti wi; men zen sa a pa ka ekri, zen bòkò a... Eeeey! Rizib, batriba, batri wo, batri nan mitan, batri nan kalfou... Yo kwè wi! san konte timè nèf mwa. Bagay sa a pa ka pale. Gen de fwa Editè pito w pa konnen. Gen de koze, se jenerasyon an jenerasyon pou y pase. Se lò a y a konnen si analfabèt te janm bèt. Se lò a ya konnen kiyès moun ki pa moun!

Editè, ten m ale, papa. Anvan militaro-putchis laboujwazi entènasyonal pwograme, kwaze aken m nan lari-kouvrefe sa a. "Gade m pral mouri ak on bal nan do m pou dan ri!" Dabò menm konbe ki mouri oswa depeyize. Enen! m p ap rantre nan lojik sa a. Pito nou lèd nou la. Tout jwèt pa jwèt. M ale, Editè.



Repons sou sijè sa: