An repons a: Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) Editè Fowòm lan te ekri a,
HUM! afiche mesaj sa, jou 20 Septanm 2002 a 19:30:57:
Editè, pale sou anivèsè 30 septanm 91 mande mwen fè yon tou sou konjonktif politik la nan mitan Pòtòprens sitou ki te teyat politik la. HUM! te yon temwen, paske prezans fizik mwen nan moman sa nan yon vwayaj pou zafè pèsonèl, fè mwen byen sezi e suiv fil evènman yo. Mwen te telman vizib ak zanmi lavalas ki pran rak, mwen oblije refijye Okap ak lèd zanmi Kapwa, grese pat yon militè pou pase frontyè Dominiken Wanament, pou Sen Domeng, ansuit pou Lamerik di Nò apre twa semen an Ayiti. Se enpòtan esplikasyon sayo pou yon bon miz an kontèsk.Zafè koudeta sa gen 2 vèsyon, natirèlman pouvwa lavalas la e sayo rele poutchis ou lòpozisyon.
Vèsyon klasik lavalas sa ta va yon koudeta reyalize ak sèvis espionaj Ameriken ou byen ak
IRI kap travay pou promosyon politik e dwa moun yon òganis Pati Repibliken finanse, koudeta sa gen tras tout pati politik nan opozisyon konfondi. Lavalas la akize Chanm kòmès la e moun dafè yo avèk sipò lame Dayiti kifòmante e ki egzekite koudeta sa ki fè plis 7 a 10 mil moun ki pase a lenfinitif.Men sa tout moun ki sanse, menm si HUM! te yon senpatizan lavalas, gen anpil detay ki pa finn klè. Pa ekzanp chif 7 a 10 mil dispari, li parèt
disproposyonè, menm si movèz lang twouve se pa yon bagay ki dwe konteste. Se vre gen mò kretyen vivan menm 1-2-3 se deja ase. Men pou listwa e menm pou la verite fòk moun yo pa egzajere.Si nou eseye dekòtike tèz koudeta selon sous nan opozisyon an, Aristid tonbe nan mank eksperyans politik li. Li monte an 90 tout suit san mwayen politik li li mande yon kòmisè remèt prezidan pwovizwa a yon papye legal pou pretandi patisipasyon ETA TWOUYÒ, nan koudeta Lafontan an. Osito, Chansèlri tout nasyon nan peyi d Ayiti
mande Titid remèt Madanm lan an libète. Selon menm pwen de vi ki chita nan opozisyon an, Aristid jwe koken li bay tout alye li yo, yon mechan kou, li pa respekte antant ki pase ant chapo politik li e li menm. Sa gen kòm konsekans li pèdi tout fòs li bezwen nan 2 chanm yo pou fè politik li, kòm refòm ou ranvwa lame. Paske nan epòk sa te gen opinyon diferan nan klàs politik la sou kèsyon sa. Se sa gouvènen ak majorite. Pi
gwo erè Prezidan an se se mete konfyans li nan Cedras, li fè monte an grad nan ilegalite, pase de kolonèl a G1 e pou G3. Titid pa gen mwayen politik li se konsa li vle fè refòm nan lame ki menase militè yo. Se sa ki mennen leve koken
Cedras ki se fiyèl Monsèyè Romilis e kòm militè fyab li rekòmande a pwoteje li Aristide. Cedras chwazi pwoteje frè dam li yo. Lame dAyiti selon menm sous opozisyon pran kèsyon an men sou kontròl kolònèl Franswa nèg san fwa ni lwa, voye Aristid pati. Apre nou konnen detay yo ANBASADÈ FRANSÈ DUFOUR PRAN TITID TABA POU METE L AN SEKIRITE AVAN DEPA LI POU VENEZUELA.Ki leson nou kapab tire de 31 septanm, lavalas kòm mouvman ki te reprann tout revandikasyon popilè depi avan 86 e ki kilmine nan eleksyon 90 yo ki bannou Titid, dekonstobre, paske figi de prou, konbatan tankou MESYEUX, K PLIM, Jn DO E LATRYE TE NAN MENM BATO A JISKA 90. Erè sou erè politik bannou rezilta, kote baz òganizasyon popilè tonbe nan group sègnè lagè kap fè Gouvènman chantay, bay defi a la polis paske se bra ame yon gouvenman. Refòm la polis bannou yon ti klik polis mafyozo, politize kote fòs taktik polis ap kalote ti fanm jounalis san defans, kraze konsè GROUP RASIN BOUKMAN, se jan se sitiyasyon sayo leta lavalas la retounen egri, apre yon koudeta pou kale, twe, banni nan yon peyi jenn fanm ak gason k ap fè eksperyans demokratik kòm jounalis, politisyen e latrye.
HUM!
- Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) François-Marie Michel 21/9/2002
- Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) padel 29/9/2002
- Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) Joven 21/9/2002
- Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) François-Marie Michel 22/9/2002
- Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) HUM! 21/9/2002
- Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) Jonas 21/9/2002
- Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) HUM! 21/9/2002
- Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) Jonas 21/9/2002
- Anivèsè 30 SEPTANM lan (Koudeta 91 lan) HUM! 21/9/2002